Add parallel Print Page Options

Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, konsa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. Jan Bib la di l la:

“Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo.
    Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.”[a]

10 Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 112:9.