Add parallel Print Page Options

18 Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se konsa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont. 19 Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.

20 Moun ki konnen Jezikri, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.

Read full chapter