Add parallel Print Page Options

Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.

Bondye pa t epanye pèp mechan yo ki t ap viv nan tan lontan. Li voye yon gwo lavalas dlo pou detwi pèp ki te kont li yo. Men li te sove Noye ansanm ak sèt lòt moun. Noye se te yon moun ki t ap preche pou moun viv yon fason ki dwat.

Bondye te pini vil Sodòm ak Gomò yo tou. Li boule yo tout tounen sann. Li fè vil sa yo sèvi egzanp pou sa k gen pou rive pèp ki kont Bondye yo.

Read full chapter