Add parallel Print Page Options

Nonm lavi dwat sa a t ap viv nan mitan pèp mechan yo chak jou. Kè l te tris pou l wè epi tande bann move zak yo t ap komèt.

Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an. 10 Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:10 kreyati ki gen anpil glwa Literalman, “glwa yo”. Sa ta sanble yon kalite kreyati tankou zanj yo.