Font Size
2 Pyè 2:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Pyè 2:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an. 10 Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.[a]
11 Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a.
Read full chapterFootnotes
- 2:10 kreyati ki gen anpil glwa Literalman, “glwa yo”. Sa ta sanble yon kalite kreyati tankou zanj yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International