Font Size
2 Pyè 3:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Pyè 3:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”
10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.[a] 11 Poutèt se konsa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye.
Read full chapterFootnotes
- 3:10 yo pral jije Kèk nan kopi yo, oubyen ansyen vèsyon Grèk yo genyen “yo pral boule nan dife”, epi gen youn ki genyen “y ap disparèt”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International