Add parallel Print Page Options

Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.

Pòl ap pale sou jijman Bondye

Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye. Bondye ap fè sa ki dwat. L ap jije moun k ap fè w soufri yo.

Read full chapter