Font Size
2 Tesalonisyen 1:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Tesalonisyen 1:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl. 10 Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.
11 Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International