Add parallel Print Page Options

Tout moun dwe travay

Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a. Mwen di sa paske ou konnen byen kijan ou dwe imite nou. Ou konnen nou pa t parese lè nou te la ansanm ak ou menm. Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun.

Read full chapter