Font Size
2 Timote 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Timote 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris,[a] paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.
2 Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan.
Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!
Remèsiman ak ankourajman
3 Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè.
Read full chapterFootnotes
- 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International