Font Size
2 Timote 1:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Timote 1:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.
13 Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris. 14 Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International