Add parallel Print Page Options

14 Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.

15 Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen. 16 M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an.

Read full chapter