Add parallel Print Page Options

Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan.

Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!

Remèsiman ak ankourajman

Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa.

Read full chapter