Add parallel Print Page Options

Remèsiman ak ankourajman

Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se konsa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te konsa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre.

Read full chapter