Add parallel Print Page Options

Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen. Yo toujou ap aprann yon bann bagay, men yo pa janm rive konnen verite a vre. Se menm jan ak Janès epi Janbrès[a] nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:8 Janès epi Janbrès Li pwobab se te majisyen yo ki te nan lakou Farawon an. Gade nan Egz 7:11-12, 22.