Font Size
2 Wa 19:20-22
Haitian Creole Version
2 Wa 19:20-22
Haitian Creole Version
20 ¶ Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: --Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
21 Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
22 Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Read full chapter