Font Size
2 Korentyen 3:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 3:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la,[a] vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la. 15 Wi, jis jodi a, lè Izrayelit yo ap li lalwa Moyiz la, gen yon vwal ki kouvri entèlijans yo. 16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la.
Read full chapterFootnotes
- 3:14 ansyen pwomès la Gade Kontra nan Lis Mo yo. Isi a, “ansyen kontra” vle di Lalwa Moyiz la ki te nan baz kontra a.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International