Font Size
Ebre 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Bondye pale pa mwayen Pitit la
1 Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa. 2 Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen. 3 Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat[a] Papa a ki gen tout pouvwa a.
Read full chapterFootnotes
- 1:3 adwat Pozisyon onè ak otorite (pouvwa).
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International