Add parallel Print Page Options

Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen. Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat[a] Papa a ki gen tout pouvwa a. Sa montre aklè kijan li gen plis otorite pase zanj nan syèl la. Bondye ba l yon non ki pi siperyè pase non nenpòt zanj.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:3 adwat Pozisyon onè ak otorite (pouvwa).