Add parallel Print Page Options

Sa montre aklè kijan li gen plis otorite pase zanj nan syèl la. Bondye ba l yon non ki pi siperyè pase non nenpòt zanj.

Èske Bondye janm di yon zanj:

“Ou se Pitit mwen.
    Jodi a, se mwen ki Papa w?”[a]

Li pa janm di okenn zanj nonplis:

“M ap yon Papa pou ou
    epi w ap yon Pitit pou mwen.”[b]

Poutan, lè Bondye te pou chwazi pou voye premye pitit gason l lan nan mond lan,[c] li di:

“Se pou tout zanj Bondye yo adore Pitit la.”[d]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:5 Sitasyon sa a soti nan Sòm 2:7.
  2. 1:5 Sitasyon sa a soti nan 2 Sa 7:14.
  3. 1:6 mond lan Se yon opsyon ki mete anfaz sou lè Jezikri te vin fèt sou latè (gade nan Lik 2:1-14). Yon lòt sans vèsè a ka genyen ki mache ak kontèks la tankou nan chapit 2:5. Lè sa a, anfaz la se sou bagay ki gen pou rive pita lè Kris ap resevwa kouwòn li kòm wa (gade nan Fil 2:9-11).
  4. 1:6 Se pou … la Nou jwenn pawòl sa yo nan Det 32:43 nan yon ansyen vèsyon Grèk ak nan yon woulo ki soti nan “Koumràn”.