Add parallel Print Page Options

Men sa li di pou zanj yo:

“Li fè zanj li yo tounen van[a]
    Li fè sèvitè l yo tounen flanm dife.”[b]

Poutan, men sa li di pou Pitit la:

“Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite.
    Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.
Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal.
    Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa,
    li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”[c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 van Menm mo sa a vle di “lespri”.
  2. 1:7 Sitasyon sa a soti nan Sòm 104:4.
  3. 1:8-9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 45:6-7.