Font Size
Ebre 1:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 1:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal.
Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa,
li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”[a]
10 Men sa Bondye di ankò:
“O Letènèl, ou kreye latè nan kòmansman,
ou fè syèl la avèk men w.
11 Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la.
Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad.
Footnotes
- 1:8-9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 45:6-7.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International