Add parallel Print Page Options

23 Paran Moyiz yo te gen lafwa nan Bondye. Apre pitit la fin fèt, yo te wè l bèl, epi yo sere l pandan twa mwa. Yo pa t pè dekrè wa a, malgre sa yo te fè a te kont lòd wa a te pase.

24-25 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Lè l vin gen laj majè, li pa t vle moun di li se pitit gason pitit fi Farawon an. Li te chwazi pou l sibi move tretman avèk pèp Bondye a olye l te mennen yon vi pechadò pou yon tan.

Read full chapter