Add parallel Print Page Options

26 Moyiz te reyalize li pi bon pou li pou l sibi lawont menm jan ak Kris la, pase pou l ta gen tout richès peyi Lejip yo. Li te gen je l fikse sou rekonpans ki te gen pou vini an.

27 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. 28 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:28 zanj lanmò a Literalman, “Sila a k ap detwi.” Bondye te voye yon zanj pou l touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo. Se pini li t ap pini yo. Gade nan Egz 12:29-32.