Font Size
Ebre 11:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 11:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
27 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a. 28 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a.[a]
29 Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye.
Read full chapterFootnotes
- 11:28 zanj lanmò a Literalman, “Sila a k ap detwi.” Bondye te voye yon zanj pou l touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo. Se pini li t ap pini yo. Gade nan Egz 12:29-32.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International