Add parallel Print Page Options

28 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te fè aranjman pou manje Pak la. Li te wouze lento pòt kay yo ak san ti mouton pou pwoteje premye pitit pèp Izrayèl yo kont zanj lanmò a.[a]

29 Pèp Izrayèl la te gen lafwa nan Bondye. Yo te travèse Lanmè Wouj kòmsi se nan tè sèk yo t ap mache. Men lè Ejipsyen yo te eseye fè menm jan an, yo tout te nwaye.

30 Se lafwa nan Bondye ki te lage miray Jeriko yo atè, apre pèp Izrayèl la te fè laviwonn vil la pandan sèt jou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:28 zanj lanmò a Literalman, “Sila a k ap detwi.” Bondye te voye yon zanj pou l touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo. Se pini li t ap pini yo. Gade nan Egz 12:29-32.