Add parallel Print Page Options

35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. 36 Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. 37 Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo.

Read full chapter