Add parallel Print Page Options

13 Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri.

14 Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. 15 Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la.

Read full chapter