Add parallel Print Page Options

15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikris. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye. 16 Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.

17 Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, kon sa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè kon sa li p ap nan avantaj nou ditou.

Read full chapter