Add parallel Print Page Options

17 Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, kon sa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè kon sa li p ap nan avantaj nou ditou.

18 Kontinye priye pou nou. Nou gen yon konsyans ki klè, paske nou toujou eseye fè sa ki pi byen. 19 M ap ankouraje nou pou n priye sitou pou Bondye ka pèmèt mwen tounen vin jwenn nou pi vit.

Read full chapter