Add parallel Print Page Options

Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di:

“Mwen p ap janm kite w,
    mwen p ap janm abandone w.”[a]

Se sa ki fè nou pa bezwen pè di:

“Senyè a se sekou mwen.
    Poutèt sa, nou kapab di ak fòs:
    Ki sa lèzòm ka fè m?”[b]

Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:5 Sitasyon sa a soti nan Det 31:6.
  2. 13:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:6.