Add parallel Print Page Options

13 Li di ankò:

“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”[a]

Epi li di:

“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”[b]

14 Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, konsa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. 15 Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:13 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:17.
  2. 2:13 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:18.