Add parallel Print Page Options

Moyiz pa ka rive nan pwent pye Jezi

Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou. Se Bondye menm ki te mete l granprèt. Li te fidèl menm jan Moyiz te fidèl nan kay Bondye a. Lè yon moun bati yon kay se nòmal pou moun ki bati kay la jwenn plis onè pase kay la. Se menm bagay pou Jezi ak Moyiz. Se nòmal pou Jezi gen plis onè pase Moyiz.

Read full chapter