Add parallel Print Page Options

11 Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante:
    Yo p ap antre nan plas repo m nan.”[a]

12 Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an. 13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”,[b] se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:7-11 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:7-11.
  2. 3:13 jodi a Se menm mo sa a nou jwenn nan vèsè 7 la. Li vle di bagay la tèlman enpòtan li bezwen fèt touswit pandan gen okazyon pou l fèt toujou.