Add parallel Print Page Options

12 Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an. 13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”,[a] se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje. 14 Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:13 jodi a Se menm mo sa a nou jwenn nan vèsè 7 la. Li vle di bagay la tèlman enpòtan li bezwen fèt touswit pandan gen okazyon pou l fèt toujou.