Add parallel Print Page Options

13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”,[a] se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje. 14 Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an. 15 Se sa menm ki fè Sentespri a di:

“Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd,
    menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:13 jodi a Se menm mo sa a nou jwenn nan vèsè 7 la. Li vle di bagay la tèlman enpòtan li bezwen fèt touswit pandan gen okazyon pou l fèt toujou.
  2. 3:15 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:7-8.