Add parallel Print Page Options

10 Bondye te repoze apre li te fin fè travay li. Sa vle di tou, tout moun ki antre nan repo Bondye ap gen pou yo repoze apre yo fin travay menm jan ak Bondye. 11 Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.

12 Pawòl Bondye[a] vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:12 Pawòl Bondye Ansèyman ak kòmandman Bondye.