Font Size
Ebre 4:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 4:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.
12 Pawòl Bondye[a] vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm. 13 Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.
Read full chapterFootnotes
- 4:12 Pawòl Bondye Ansèyman ak kòmandman Bondye.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International