Font Size
Ebre 4:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 4:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
6 Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo. 7 Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja:
“Si ou tande vwa Bondye jodi a,
pa fè tèt di.”[a]
8 Nou konnen Jozye pa t mennen pèp la nan plas repo a. Paske Bondye pale de yon lòt jou repo apre sa.
Read full chapterFootnotes
- 4:7 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:7-8.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International