Add parallel Print Page Options

Se rezon sa a ki fè li ofri sakrifis pou peche pa l menm jan li ofri sakrifis pou peche pèp la.

Se yon onè pou yon moun vin granprèt. Poutan, okenn moun pa ka chwazi tèt li pou l fè travay sa a. Se Bondye ki pou rele l menm jan li te fè l pou Arawon. Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di:

“Ou se Pitit mwen.
    Mwen se Papa w apati de jodi a.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:5 Sitasyon sa a soti nan Sòm 2:7.