Add parallel Print Page Options

10 Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo. 11 Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè. 12 Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.

Read full chapter