Ebre 6:2-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
6 1-2 Konsa, nan sa ki konsène Jezikri, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm,[a] poze men sou tèt moun,[b] rezireksyon moun ki mouri, ak jijman final. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou. 3 Wi, an nou fè sa nan mezi Bondye pèmèt nou.
4-6 Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun konsa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.
Read full chapterFootnotes
- 6:1-2 batèm Mo a ka vle di batèm kretyen yo tou senpleman (plonje anba dlo), men konsa tou, li gen dwa ap pale sou aspè seremoni pirifikasyon Jwif yo.
- 6:1-2 poze men sou tèt moun Se te yon fason pou mande Bondye beni moun nan yon fason espesyal, pou l geri yo, pou l pèmèt Sentespri a vin rete nan kè yo oubyen pou l ba yo pouvwa pou yo fè yon travay espesyal.
Copyright © 2017 by Bible League International