Add parallel Print Page Options

Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”[a] Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:5 Sitasyon sa a soti nan Egz 25:40.