Font Size
Ebre 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”[a] 6 Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.
7 Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè.
Read full chapterFootnotes
- 8:5 Sitasyon sa a soti nan Egz 25:40.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International