Font Size
Ebre 9:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 9:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Ofrann ak sakrifis nan ansyen sistèm nan te plis pase manje, bwason, ak divès seremoni pirifikasyon. Règ sa yo te valab jouktan Bondye te vini ak yon lòt sistèm tounèf.
Adorasyon sou Nouvo Pwomès la
11 Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a. 12 Kris te antre yon sèl fwa Kote ki pi Sen an. E li pa t bezwen fè l yon dezyèm fwa. Li te antre Kote ki pi Sen an avèk pwòp san li, li pa t ofri san bouk kabrit oswa san ti towo bèf. Li antre epi li delivre nou anba peche pou tout tan.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International