Add parallel Print Page Options

Adorasyon sou Nouvo Pwomès la

11 Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a. 12 Kris te antre yon sèl fwa Kote ki pi Sen an. E li pa t bezwen fè l yon dezyèm fwa. Li te antre Kote ki pi Sen an avèk pwòp san li, li pa t ofri san bouk kabrit oswa san ti towo bèf. Li antre epi li delivre nou anba peche pou tout tan.

13 Anvan sa, san bouk kabrit, san towo bèf ak san femèl bèf yo te boule yo te sifi pou yo te rann moun ki pa t nan kondisyon pou fè adorasyon yo pwòp. Men sa te netwaye kò yo sèlman.

Read full chapter