Add parallel Print Page Options

19 Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo,[a] li melanje l avèk dlo. Lè l fini, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la. 20 Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.”[b] 21 Menm jan an tou, Moyiz te simen san sou Tant lan tou ak tout sa yo te konn sèvi ladan l pou fè adorasyon Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:19 bèf yo Kèk kopi nan ansyen vèsyon Grèk yo genyen “ak bouk kabrit yo” isit la.
  2. 9:20 Sitasyon sa a soti nan Egz 24:8.