Add parallel Print Page Options

Plas adorasyon sa a te anndan yon tant. Premye pati tant lan te rele Kote ki Sen an. Nan Kote ki Sen an, te gen yon lanp ak yon tab kote yo te mete pen espesyal yo te ofri bay Bondye. Pa dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt chanm yo rele Kote ki pi Sen an. Nan Kote ki pi Sen an, te gen yon lotèl kouvri ak yo te sèvi pou boule lansan. Te gen Kòf kontra a tou ki te gen yon kouch lò sou tout kò l. Anndan Kòf la, te gen yon bokal an nò ki te gen lamàn ladan l, te gen baton Arawon an, baton ki te pouse boujon an, epi te gen de wòch plat ki te gen dis kòmannman ansyen kontra a ekri sou yo.

Read full chapter