Add parallel Print Page Options

26 Si Kris te ofri tèt li plizyè fwa, li t ap bezwen soufri plizyè fwa depi kòmansman kreyasyon an. Men li te vini pou ofri tèt li yon sèl fwa pou tout. Li vini nan lè lemonn pa lwen rive nan bout li. Li ofri tèt li kòm sakrifis pou li retire tout peche.

27 Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa. Apre sa, yo dwe pase nan jijman. 28 Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.

Read full chapter