Font Size
Ebre 9:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 9:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Pa dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt chanm yo rele Kote ki pi Sen an. 4 Nan Kote ki pi Sen an, te gen yon lotèl kouvri ak yo te sèvi pou boule lansan. Te gen Kòf kontra a tou ki te gen yon kouch lò sou tout kò l. Anndan Kòf la, te gen yon bokal an nò ki te gen lamàn ladan l, te gen baton Arawon an, baton ki te pouse boujon an, epi te gen de wòch plat ki te gen dis kòmannman ansyen kontra a ekri sou yo. 5 Anlè Kòf la, te gen imaj zanj ak zèl yo rele cheriben ki te sèvi kòm senbòl glwa Bondye. Zèl cheriben yo te sou tout kouvèti Kòf Pwomès la.[a] Men nou pa ka di tout bagay sou sa kounye a.
Read full chapterFootnotes
- 9:5 kouvèti Kòf Pwomès la Yo rele kouvèti a “plas konpasyon an” oubyen “syèj konpasyon an.” Se nan plas sa a granprèt la te konn mete san bèt yon fwa pa ane pou regle pwoblèm peche pèp la ak Bondye.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International